Tout moun se moun
Ti pèp la se moun tou
Ti pèp la pa fout fou
Ti pèp la pa vle fè sousou
Pèson chèf e pèson moun
Ti pèp la pa ka sipote ankò
Trop misè, trop soufrans ak lanmò
Ti pèp mande travay ak respè
Ti pèp la vle Lapè
Nan vantt, nan lestomak e lan tèt
Pèp sila renmen fè bèlfèt
Li renmen santibon tou
Li renmen bon bagay tou
Pèp la gen anpil pasyans
Pèp la gen anpil konesans
Kipa soti nan gwo liv
Pèp la gen anpil bon sans
Pèp la pa vle kontinye ap viv
Nan mizè sal sila. Pèp la, ti pèp la
Ap rele anmwey, pèp la pa vle tout fatra
Tout vè, tout santòr sa yo devan pòt li ankò
Kounye a ti pèp di: la jistis ou lanmò
Li pa vle mourinan soufrans, nan mizè
Mezanmiti pèp cheri nou an vle Lapè
Paske ti pèp la se bon moun tou
Li pa vle grangou. Li vle Jistis ak Lanmou
Ti pèp la vle pou tout bagay yo chanje
Trop gwo volè nan leta ap manje
E gaspiye la vi, lajan e byen ti pèp la
Gen trop zotobre ki kwè ke yo se rwa
Tout biznis nan peyi se pou yo
Yo pa bay malere yon ti chans
Pou posede menm yon bon vye boyo
Mezanmi, kounye a pèp la pa nan rans
Ti pèp la se moun tou
Ti pèp la pa fout fou.
Copyright © Jiyè 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv pwezi.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem