Tout Sitwayen Consène, An Nou Mande Jistis Poem by Hebert Logerie

Tout Sitwayen Consène, An Nou Mande Jistis

Tout sitwayen consène, peyi a se pou nou tout
Gen twop soufrans, pèp la fatige, pèp la bout
Ak tout kriminèl ki finn piye peyi a e ki continye
Ap volè, piye e govène. Pèp la paka kanpe, li fatige
Nou bewzwen yon chanjman kounye a, a prezan
Nou paka viv e respire fatra ankò, nou pakab pran
Ankò. Twop moun ap peri, twop moun ap soufri
Tout sitwayen consene, leve, leve, leve kanpe
Poun ka sove peyi nou. Fòk nou bay kriminèl yo
Kat rouj, pou yo ka pran kap yo. Fòk nou mete yo
Deyò, fòk nou jete yo nan lanmè, fòk yo kite volè
Pèp la grangou, li bezwen jistis, li bezwen la pè
Pèp la bezwen sekirite, lespwa pou yo ka viv byen
Fòk kriminèl yo sispann trete pèp la kwè vye chyen
Viv peyi nou libere, mete vakabon anba kòd la jistis
Fòk nou pa pè batay pou yon pi bon demen san vye vis
San koripsyion, san vye gouvènman ki plin salte ak malis.

Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Monday, June 10, 2019
Topic(s) of this poem: corruption,justice,peace
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success