Vòlè paka predizan yon peyi
Si papa ou te yon kriminèl
Ou paka prezidan yon peyi
Ou paka dirije yon si bon peyi
Si gran papa ou te yon vye doktè san pwèl
Ou se yon gwo diab, yon kreten, ou se yon gwo volè
Si ou pa renmen la pè, si ou renmen lagè
Si ou se yon vye depite, yon vye senatè
Si ou trò koronpi, si ou se yon malfetè
Si gran papa ou te touye Louis Drouin, Marcel Numa
E anpil lòt kretyen vivan nan peyi sila
Ou pakab vinn dirije bon pèp sa
Si papa ou te fè ekszekite William Josma
Anpil ofisye, oponan e pitit pèp la
Ou paka fout rive prezidan yon peyi
Ke ras ou yo finn piye, kote yon pèp ap soufri
Depi prèske yon syèk. NON, NON ou se volè tou
Se yon bann vakabon ki sipòtew, yon bann fou
Kap ba ou sekirite. Ou pa kanpe sou anyen
Se vann ou konn vann pou po patat. Ou se yon tenten
Ou pa fout ka rive chèf siprèm yon peyi. Ou pa kreye okenn byen
Ou se yon gwo parazit, yon sikè, yon mantè. Se vòlè ou konn vòlè
Ou paka vinn prezidan si ou ap voye move zè
Sou pèp la. Ou pè la verite. Ou pa konn anyen
Ou pa fout ka prezidan. Se piye, se fiziye sendenden
Parèy ou yo konn fè. Se achte figi ke ou ye
Ou se yon lach ou pè moun kap di la verite
Ou se yon teroris, yon kidnapè. Ou menm touye bebe
Eskyè paka prezidan, kreten paka dirije yon peyi
Tankou yon gran lidè. Peyi a sal, fatra tout kote
Nan lari plin rat, sourit, pinèz e ravèt. Vòlè ap tire
Kriminèl ap touye inosan. Se sèl yon lidè ki serye
Ki fèt pou rive prezidan. Yon nonm vanyan ki renmen
Peyi li ak pèp li. Nou pa bezwen vakabon ki ap mennen
Peyi a nan yon ravinn trou santi. Gen twop zero kap batay
Kap bay manti pou yo ka vinn rich san yo pa kreye bon travay
Pou yon pèp ki grangou e ki ap viv nan labou sal ki santi
Se pou nou tout rele anmwey e chase tout moun ki pa zanmi
Yon si bon peyi ke yap maltrete san rezon. Yo se enmi pèp la
Se pou nou rele bare vòlè. Se pou nou retire peyi a nan fatra
Sal sa. Anmwey, kidnapè, vòlè, rasis sa yo paka vinn prezidan
Koronpi, ipokrit, zobop sa yo paka vinn presidan. Yo se pedan
Kriminèl, eskanmòtè, ti sousou. Yap piye peyi a pou yo kal investí
Nan peyi etranje. Yo se trèt, initil. Se detwi yo konn detwi
Yo pa konn bati, travay; yo pa konn fè byen epi yo anraje
Pitit vòlè paka vinn presidan. Bare vòlè e tout kriminèl. Anmwey.
Copyright © Septanm 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem