Viv San Ou, Bèl Zanj Mwen Poem by Hebert Logerie

Viv San Ou, Bèl Zanj Mwen

Nan moman sa a, map panse de ou
Mwen jwenn mwen kloure sou la kwa
De imajinasyon mwen maten an
Mwen santim pèdi tankou yon embesil
Mwen pa gen ni chalèkò ou
Ni battman kè ou
Pou ranplim ak yon kontantman
Etènèl, lwen la krent ak lanmò.

An verite, mwen pa ka viv san ou
Map mouri, map fini ti kras pa ti kras
Lè bèl kòr ou manke nan kabann mwen
Wi, fanm dous mwen, mwen vle santi chalè ak pwa
De de janm ou yo ak de bra ou yo. Ou se lank nwa
Ankryem nan, espwa jou'm kap vini
Map tann pou ou aswè poum ka jete lank
Nan oseyan ou an. Mwen renmen ou bèl zanj.

Copyright © Desanm 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem Living Without You, My Angel by Hebert Logerie
Tuesday, December 17, 2019
Topic(s) of this poem: angel,live,love
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success