Wi Jodia Se 18 Me, Vive Le Drapeau Poem by Hebert Logerie

Wi Jodia Se 18 Me, Vive Le Drapeau

Rating: 5.0

Wi jodia se 18 Me
Se yon bèl joune
Yon gwo jou kote
Ke Brav Zanzèt nou te
Fè la tè tranble
Pou la glwa, endepandans e la libète
Brav Zanzèt nou yo: Tousen, Desalyn
AnriKristof e zòt ki pat kretin
Te batay pou ba nou DRAPO sila
Yo te fè yon gwo sakrifis pou peyi sa
Ayiti kanpe, Haïti kanpe doubout
Ayiti kanpe, Haïti kanpe doubout
Yo te arete e touye Papa Tousen
Men yo bliye ke te gen lòt sen
Ankò ki te prè e ki te kapab batay
Pou ke tout nèg nwè te gen yon DRAPO
Yon Drapo ke yo ka rele pa yo
Yo blye ke nou te ka batay
Pou efase lesklavaj an Ayiti, Boyo
E Kiskeya. Drapo sila se pa nou
Drapo sila, Drapo sa se respè pa nou.

Ayiti, Ayiti 18 Me se yon gran jou
18 Me ap joujou rete nan kè nou
Se yon bèl joune tou pou tout
Vakabon ki pa respekte pèp la
Kap vòle, piye bon ti peyi sila
Pou yo bay demisyon yo, pou tout
Moun ka anfen apresye bèljes sa
Paske Ayiti bezwen pi bon lidè
Nèg ki ka bay bon sekirite e ki ka jwen la pè
Pou tout moun kap respire e viv
Nan peyiDayti. Viv Ayiti, Viv Ayiti, Viv
Bon ti pey sa ke yap fè soufri depilontan an
Frèm ak sèm, an nou tout kanpe pou defand
Ayiti. An nou batay kont tout malveyan
Kap kraze peyi nou an. An nou tout defand
Peyi Dayiti. Gen twòp vòlè kap kraze peyi
Dayiti. Brav Zansèt nou pa te janm mouri
Pou tout vye prezidan, senatè e depite sa yo
Anpil la dan yo pa respekte peyi a, pèp la
E menm tèt pa yo. Peyi Dayiti pa yon yoyo
Pa gen jwèt nan sa. Peyia paka viv nan pil fatra
Kap bay maladi e ki ap touye pèp nou an
Viv Ayiti, Viv Desalyn, Petyon e tout lòt gason vanyan
Ki te batay, kite bay lavi yo pou yon si bèl Drapo
Viv Ayiti, Viv Ayiti, Viv Pèp la. Vive le Drapeau!

Copyright © Me 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Wi Jodia Se 18 Me, Vive Le Drapeau
Saturday, May 18, 2019
Topic(s) of this poem: love,pride,respect
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success