Yo Touye Desalyn Ankò Poem by Hebert Logerie

Yo Touye Desalyn Ankò

Yo Touye Papa Desalyn
Mezanmi gade eta La Saline
Gade ki jan Pòtoprens sal
Se tire bal, se tire bal
Gade kijan ke peyi a twe sal
Gade, gade poupou chwal
Gade rat yo ap fè parad
Gade ti moun san pantalon ki san rad
Gade mouch, gade kadav
Pagen sèkèy, pagen kav
Se touye moun tout la jounen
Se bouche bouch, se bouche nen
Yo asasine Desalyn ankò
Yo kouri al kache yo paske yo pè lanmò
Men yo toujou prè pou touye moun
Yo se lach, yo gen yon gwo foufoun
Yo pa bon Ayisyen, yo se gwo mechan
Gade yo, band vagabon yo. Se yon bann pedan
Yo pa kanpe sou anyen
Yo se move Ayisyen
Yo touye zanzèt nou yo ankò
Yo renmen touye, bay lanmò
Men yo pè mouri
Peyi a ap peri
Twop mou ap soufri
Si yon mirak pa fèt
Nou bezwen yon bon lidè, nan tèt
Peyi Dayiti, ki pap piye, vòlè pèp la
Ki nan grangou, kap viv nan fatra
Yo imilye zanzèt nou yo
Yo trayi zanzèt nou yo
Làch yo al kache pou lanmò
Yo kalote Papa Desalyn ankò.

Copyright © septanm 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Friday, September 11, 2020
Topic(s) of this poem: death,murder
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success