Yon Bèl Fanm Poem by Hebert Logerie

Yon Bèl Fanm

Tout moun renmen yon bèl fanm
Tout moun admire yon fanm de klas
Menm chen sispann jape
Yo sispann kraze glas
Lè yon bèl bebe ap pase
Chat maron kòmanse fè miaou
Pale jagon, pale mikalaou
Lè pa aksidan fanm nan ouvè soutyen li
Pou li ka pran yon ti fredi
Yon ti van nan sezon ete
Nòmalman, mwen rete bouch be
Pou yo pa kapab akize'm de yon krim
Sim eksprime santiman kap bouyi andedan kèm
E gro chòk lou ki motive chak ti pati
Nan kòm. Men li, men lap parèt ankò, men li
Lap fe'm bwè anpil grog. Lap tranche sèvo mwen
Lap koupe ti souf mwen
Tout moun renmen yon fanm ki entelijan
Tout moun sispèk yon fanm ki tro an pinpan.

This is a translation of the poem A Gorgeous Woman by Hebert Logerie
Monday, February 20, 2017
Topic(s) of this poem: woman
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success