Yon Ti Bo, Yon Ti Bèk Sou Tèt Bouch Ou Poem by Hebert Logerie

Yon Ti Bo, Yon Ti Bèk Sou Tèt Bouch Ou

Yon Ti Bo, Yon Ti Bèk Sou Tèt Bouch Ou
Jodia se pa fèt ou cherie
Sepandan mwen vle mete yon ti bo
Sou tèt bouch ou, yon bon ti siro
Ke ou ka vale avèk anpil apeti.

Yon ti bo pou ou ka sonje ki jan
Ke mwen renmen ou ak tout kè mwen
Siye lang ou sou bouch pa mwen tou
Pou mwen ka viv tankou yon moun fou.

Jodi a se pa fèt ou toutou cherie mwen
Min mwen vle montre ki jan ke mwen renmen
Jan ke ou ye, mwen admire tèt bouch ou.

Map viv tankou yon boujwa, mwen respire byen
Paske mwen wè ou menm jan ak yon bijou
Map reve, map domi nan pie ou kom yon ti chen.

Copyright © Desanm 2016 Logerie Hébert, Tout dwa rezève
Hebert Logerie se yon otè Aysyen ki ekri plizyè liv ki gin bel powèm.

Tuesday, December 13, 2016
Topic(s) of this poem: kiss
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success