Zòt Renmen Lè Ke Nou Divize Poem by Hebert Logerie

Zòt Renmen Lè Ke Nou Divize

Anpil zòt renmen lè nap batay
Men yo pa renmen lèm nap travay
Lè ke nap mennen menm jan ak yo
Men yo vle ke se ak pantouf, sapat ak boyo
Ke nap mache sèlman, pou nou pa gen
Bizniz menm jan ak yo e gwo lajan
Menm jan ak yo. Fòk nou mete tèt
Ansanm pou nou pa pase kwè yon move bèt
Kòm moun sòt. Fòk nou òganize nou
Fòk nou antan nou, se meyè fason
Pou nou ka gen la viktwa ak siksè. Lynion
Se yon bon remèd kont rasis, diskriminasyon
Koripsyon, diktati e tout vye bagay ki pa bon
Pou sosyete nou an. Nap genyen si nou kanpe
Ansanm kont tout vòlè, kriminèl ak kidnapè
Nap genyen si nou sispann trayi lòt e batay
Antre nou san rezon. Si nou kanpe poun travay
Ansanm, nap manje ansanm, nap viv ansanm
Nap fete ansanm, nap danse e nap mouri ansam
Kreyol pale, kreyol konpran. Yo paka touye
Nou tout. Konpran mesaj ke map fè pase
Ke map lage nan tèt nou ki byen solid e ansoleye
Fòk nou toujou ap panse, ekzamine e ap veye
Nou se frè ap sè. Se ansanm pou nou mache
Se ansanm pou nou kanpe kont zòt ki trè visye.

P.S. Tradiksyon de: They Enjoy Seeing Us Divided.

Copyright © fevriye 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm

This is a translation of the poem They Enjoy Seeing Us Divided by Hebert Logerie
Saturday, February 27, 2021
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success