Ayiti, Ayiti: Batay Nan Vertières Poem by Hebert Logerie

Ayiti, Ayiti: Batay Nan Vertières

Ayiti, Ayiti, Ayiti, peyi des Martyrs
Ayiti, Ayiti, Peyi gwo esklav vanyan
Ayiti, Ayiti, peyi ki gin ansyen neg brav
Latè ke anpil vakabon ti zòrèy vle trayi.

Ayiti, Ayiti, Tè ki boule kwè dife lanfè
Ayiti, Ayiti, Latè ki plen nèg vanyan
Anpil Nèg Nwè te defann Tè sakre sa
Ak tout nan nan yo, ak antouzyas, e ak fyète.

Ayiti, Ayiti, lach yo vle vann ou pou yon peni
Ayiti, Ayiti, anpil volè ofisyèl yo ofri tèt ou
A kolon san manman yo. Ayiti, Latè ke yap trayi
Ayiti, Ayiti, Latè, Peyi ki pap janm pèdi.

Kamarad, Sòlda yo, Peyizan yo, se avèk san ou
Ke ou pral defann tout ti fil koulè nasyonal la
Wi se avèk anpil kouraj ke ou pral travèse ekran
Infènal ipokrit yo. Ayiti, Ayiti, peyi natif natal nou an.

Batay nan Vertières ap kontinye pou lontan
Jiskaske pèp Ayisyen an sispann soufri e mouri
Jiskaske yo sispann bat, piye e touye peyizan
Avan ti souf prentan ale, jiska la fen dè tan.

Ayiti, Ayiti, Ayiti, peyi brav e ilis zansètnou yo
Ayiti, Ayiti, peyi gwo ewo nou yo,peyi Toussaint
Tè Papa Dessalines ak Capwa. Le zanj ak Sen yo
Ap pwoteje ou. Ayiti, ou ap rete pwòp mèt tèt ou.

Copyright © Novanm 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè koleksyon powèm.

Saturday, November 18, 2017
Topic(s) of this poem: battle,pride
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success