Bòn Fèt A Tout Fanm Poem by Hebert Logerie

Bòn Fèt A Tout Fanm

Fanm, nan kalandriye mwen
Chak jou se jou w, chak jou se pou ou
Ou se nanm mwen, potomitan mwen
Mwen vle pran swen ou chak jou
Mwen renmen ou poum fou.

Fanm, fanm vanyan, bèl bote
Chak jou mwen wè w ou etonem
Ou toujou bèl, ou toujou anfòm
Ou se prensès mwen, rèn mwen
Ou se siwo myel, ou se lakansyèl an ete.

Fanm, ou se nwayo nan nanm mwen
Ou se potomitan nan lavi mwen
Mwen renmen ou anpil, map viv pou ou
Mwen konnen ou pa bezwem mouri pou ou
Paske ou se poupem, ou toujou plin bòl mwen.

Fanm, ou bòn e endispansab
Fanm, ou se kann dous e ou trèz afab
Lavim pa gen sans san ou
Ou se pi bon zanmim, kalaloum
Nanm mwen, kèm, bou'm e foufoum.

Copyright © Mas 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè

This is a translation of the poem Happy Woman's Day by Hebert Logerie
Thursday, March 8, 2018
Topic(s) of this poem: woman,women
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success