Eske Nou Renmen Peyi Nou Konsa Poem by Hebert Logerie

Eske Nou Renmen Peyi Nou Konsa

Ayisyen, eske nou renmen Ayiti jan li ye a konsa?
Solda, eske nou renmen peyi a jan li ye a nan fatra
Fatra tou patou, trou egou bouche, nou nan yon solèy cho
Dlo santi tou patou, nou paka manje, se nou tout ki nan cho?
Militè,eske nou vle ke bagay yo kontinye konsa, konsa?
Pagen avni, anpil mizè, anpil grangou ak anpil malfra
Tou patou kap touye pèp la, vakabon apvyole sè nou
Bat e kale fanm nou, derespekte nou ak tout fanmi nou
Komèsan, biznisman, eske nou vle kontinye bizniss nou
Konsa, konsa, nan pil dlo santi sa, nanpil fatra kote ke nou
Mete ajenou nanpil malpropte nan mache sal sa? Dim kisa nou
Ap panse? Kisa nap imajine? Kisa kap pase nan tèt nou? Se pa nou
Tout ki pou kouri kite peyi a san pantalon konsa. Fòk nou kanpe djanm
Pou nou ka batay, goumen kont vòl, viòl, vys ak kidnaping. Fanm, fanm
Fanm, vanyan nou yo, ki pa fè sakrifis. Kote nou ye? Sa kap fèt la?
Peyi a ap mouri a jenou. Li paka kanpe. Ouvri je nou trè grand sila
Nèg, nèg, Ayisyen vanyan ki pote pantalon fè, ki gen bèl sintiron nan
Rin nou, kote ou ye? Peyi a ap peri. Peyi a ap pouri. Li pedi tout nannan
Li. Anmwey, Ayisyen, anmwey, yo van peyi bay lòt moun, bay zòt, bay
Zòt. Nou nan zen. Nou pran nan mera. Bagay yo pa nan plas yo. Bon bagay
Pa egziste an Ayiti ankò. Se van peyi kap menen. Eske nou dakò jan bagay yo ap
Pase a. Eske nou tout dakò. Ayisyen, tout Ayisyen, eske nou pa fatige soufri?
Eske nou pa fatige akfatra? Li lè li tan pou tout bagay yo chanje pou yon bon avni
Soufle sou pèp la. Eske se nou tout ki dakò pou bagay yo fout kontinye konsa, konsa
Konsa, nan pil dezòd sa, krim, vyòl, vòl, kidnaping, magouy, asasinasyon ak pil fatra?

Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Thursday, August 6, 2020
Topic(s) of this poem: corruption,death
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success