Eske Se Vre, Pèp Lakay Nou Poem by Hebert Logerie

Eske Se Vre, Pèp Lakay Nou

Eske se vre, pèp lakay nou egare?
Yo tout panse kwè zonbi, eske se vre?
Vie politisyen ap jwe nan kalbastèt yo
Yo fè pèp fè manifestasyon ak grèv a gogo
Tikrik, tikrak, vakabon gwo dyòl ap jwe
Nan lòlòy yo kwè mòpyon douvan chyen
Tikrik, tilkrak, gin grèv pou anyen, san bezwin
Pwotestasyon se yon pyon ke valpa yo rezève
Pou jete bon gouvènman, pou yo bay kou deta
Eske se vre? Tout rat do kale dèyò kounye a
Yap joure, yap di moun kretin, yap di moun kochon
Le yap frape gwo la verite nan dyol yo, nan bouchon
Ti twou ki kale e ki klere kwè yon glas nan soley
Bare vòlè pèp la gin dwa pa konpran gwo gramè
Min li pa egare, li pa sòt kwè panyen pèsi
Pèp la pa sòt, li renmen anpil peyi Dayiti
Pèp la gin dwa pa konn ni li, ni ekri
Min li pa bèt, li pa pi mal ke konpè Bouki
Li lè, li tan pou moun save ouvè zye e sèvo
Ti pèp nou an, edike tout moun. Bat bwavo
Pou tout moun ki vle apran, pour tout moun
Ki vle tande bon konsèy. Pèp Ayisyen se moun
Yo pa bèt kap devore zòt pou lajan, pou manje
Ti pèp sila fòk yo respekte li. Li pa egare
Wi pèp la pa egare, li pap pran la ri san rezon
Li pa nan zonzon ak gwo vòlè ki gin madishon.

Copyright © Oktòb 2017, Hebert Logerie, Tout Dwa Rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

Monday, October 30, 2017
Topic(s) of this poem: truth
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success