Ti cherie, kitem oswa renmenm
Si ou kitem
Mwen pral byen
Si ou renmen mwen
Ti kèm pral pou ou.
Ti chouchou, frapem oswa bom
Si ou frapem
Mwen pap goumen ak ou
Si ou bom
Map tounen yon las pou ou.
Lanmou komik anpil
Menm lè li fè solèy
Lè nou kole ansanm
Lè nou tou de gen rezon
Ti chouchou, renmenm epi bom.
Copyright © janvye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.
I think this is Creole. Wow! It's so different from French and English...it's like a whole different language. I compared this version line by line with the English version. Both have nice rhythm. It's admirable that the poet can write melodically in three languages.