Kriye Pou Dè Solisyon Pa Pou Yon Revolisyon Poem by Hebert Logerie

Kriye Pou Dè Solisyon Pa Pou Yon Revolisyon

Nan tan nou an, mete fen nan koripsyon
Se pi gwo e pi bon revolisyon posib
Rele anmwey pou solisyon, anmwey pou evolisyon
Ankouraje dè solisyon, pa yon fo revolisyon
Anmwey dè rezolisyon pou dechouke koripsyon
Vòl, kontrebann, inaksyon ak tout move ekzaksyon
Se sel Kiba ak Kastro aprè Desalyn ki te ka fè yon Revolisyon
Nan izolman, konfizyon, ak dezolasyon
Se dènye siksè ki te rive nan Amerik la
Revolisyon se yon mo ki trè fò e trè pwisan
Se yon evènman ki trè bèl se Senyè a sèlman
Ki ka fè yon gwo bagay konsa kounye a. Nou dwe reyalis
Fòk nou pragmatik, fòk nou pa twò fou
An nou trouve dè solisyon pou nou ka fini ak koripsyon
Se sèlgwo revolisyon ki posib nan tan nou an.

Copyright © Novanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè a nan plizyè liv nan pwezi.

This is a translation of the poem Cry For Solutions Not A Revolution by Hebert Logerie
Saturday, November 24, 2018
Topic(s) of this poem: corruption,revolution
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success