Prezidan an anba kòd, yo jijel, anba kòd
Yo menote senatè koronpi yo, anba kòd
Yo mete depite visye yo nan prizon, anba kòd
Tout pwostitisyon kaba
E yo amande konstitisyon fatra a.
La Jistis ap fè travay li
Pita nap bay plis detay
Aprè ke nou fin bay nouvèl
Lapolis dèyè yo, tout kreten yo
Anba kòd. La mizè kaba. Se la fin.
Se la fin tout koripsyon
Lari yo pwòp e blan kwè losti
Pa gen okenn pwostitisyon
Pèp la kontan. Sa se yon bèl sezon
Tout volè ak visye yo nan prizon
Yo anba kòd.
Viv Ayiti ke nou renmen anpil!
Viv bout tè sa ke yo ran pòv
Ke yo trayi, joure, imilye
Toufe, paralize e asasine!
P.S. Se obligasyon tout moun pou nou di la verite.
Copyright © Mas 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.