Mwen Pap Dòmi; Map Reve Poem by Hebert Logerie

Mwen Pap Dòmi; Map Reve

Mwen pap dòmi; Map reve
De je mwen yo louvri
Mwen wè solèy la ki pete
Mwen reyalize ke mond lan move
Aprè ke mwen panse anpil
Kalkile ak diskite
Fòk bagay sa yo chanje tankou agaman
Nou tout nou antoure ak anpil lyon.

Mwen pap dòmi; Map koute
Zòrèy mwen yo trè pwòp
Mwen wè makout sal yo
Ak lavalas sal yo
Mwen reyalize ke mond lan pa pwop
Jodi a solèy la eklate, li pete
De Je mwen yo louvri
Mwen pap dòmi; Map reve.

P.S. Powèm sa a se dedye a Paul Eluard.

Copyright © Out 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv de pwezi.

This is a translation of the poem I Am Not Sleeping; I Am Dreaming by Hebert Logerie
Saturday, August 19, 2017
Topic(s) of this poem: dream,dreaming
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success