Pa Boule, Pa Touye, Se Fèt Papa Desalyn Poem by Hebert Logerie

Pa Boule, Pa Touye, Se Fèt Papa Desalyn

Pa boule, pa touye
Fè kè Papa Desalyn kontan
Pou fèt li. Fete, banbile, banboche
Pèp la civilize epi li chaman
Lapolis se piti pèp la
Lapolis pap tire sou sè li
Lapolis pap bat frè li
Lapolis la pou pwoteje pèp la
Arete vòlè yo pote yo bay Lapolis
Mare yo pa two fò, pa bat yo
Tout non ki sou lis la pral sou lè koulis
You tout pral nan biro Lapolis
Pa fè vyolans, pa kraze, pa di betiz
Bare yo, pa brize, arete yo
Pa joure, pa maltrete yo pliz, pliz
Di la verite, san pa gen dwa koule
Fete, fete, se fèt Papa Desalyn
Pa boule, pa kraze, pa brize, pa touye
Fè yo mache al Lasalyn
Sou de vityelo yo
Pa bat yo, pa krache sou yo
Fete anivèsè Papa pèp la
Fete, men pa bwè twop tafia
Fòk yo bay tout kòb la
Fòk yo konnen ke pèp la
Pa renmen viv nan fatra
Pèp la renmen santi bon tou
Pèp la renmen sant Dolce & Gabbana
Sou mayo, chemiz ak tout kò yo tou
Charles Aznavour renmen Arménie
Menm jan bon Ayisyen renmen peyi Dayiti
Fete, selebre, men pa bwè twop tafia
Fòk tout vòlè yo bay tout kòb la
Pa boule, pa touye, se fèt Papa nou
Nap montre tout moun ke nou gen lanmou
Pou peyi nou, pou peyiDayiti
Pou tout moun ki pap vòlè e ki pap trayi
Nap regle bizniz peyi nou, nap selebre
Nap regle zafè pèp nou, nap fete
Pa boule, pa kraze
Pa brize, pa touye.

Copyright © Oktòb 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Sunday, October 14, 2018
Topic(s) of this poem: birthday,celebration
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success