Pa dim pa fè politik
Lè pèp la kontinye ap soufri
Lè anpil frèn ak sèn kontinye ap mouri
Nan move kondisyion nan yon si bon peyi
Lè anpil depite sott pase bourik
Lè anpil senatè pa konn li
E lè gen rapò ki di ke prezidan an konn volè
Ke li se yon gwo volè
E yo gen prèv pou yo prouve sa
Fòk mwen pale, fòk mwen kritike
Lagem poum pale, fòk mwen pale
Kitem pale, tout kwen nan peyi a plin fatra
Dlo rigòl nan la ri a sal e yo santi, trotwa a
Salak dechè chyen, menm chat kaka
Nan la ri a. Oke mwen pa gen chwa
Plin dezòd nan administrasyon leta
Volekoripsyion nan tout ministè leta
Lopital plin moun kap soufri
Anpil polisye ap mouri
Anba kout zam vakabon
Bagay yo malouk, bagay yo pa bon
Fòk mwen di la verite
Kitem poum pale, lagempoum pale
Mwen pa vle ekri sou lanmou
Mwen pa vle eki sou lanmò
Anmwey pèp la bezwen sekou
Anpil sekou. Se vye politisyen ki antò
Pa dim pa fè politik
Politik se yon vle tik
Ke pou nou pa pè elimine
Politik afecte gran moun, ti moun ak bebe
Fòk nèg serye rantre nan politik
Fòk entèlektyèl pa pè rantre nan batay la
Fòk nou proteje peyi nou, san pouvwa
Nou pap ka ede peyi nou
Fòk nou chase tout vòle, tout ti sousou
Paske trop vakabon ki pè kritik
Sezi pouvwa a, se yo kap kraze peyi a
Se yo kap finn piye peyi a
Se pou nou pa pè fè politik
Pa fout dim pa fè politik.
Copyright © Septanm 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi e chanson.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem
Se pou nou pa pè fè politik Pa fout dim pa fè politik....Your poem reflects a deep political perception. This is very brilliantly penned.10