Powèt la wè tout bagay
Powèt la santi tout bagay
Powèt la tande tout bagay
Powèt la respire tout bagay
Powèt la vle wè tout bagay
Powèt la vle santi tout bagay
Powèt la vle tande tout bagay
Powèt la vle respire tout bagay
Powèt la pa fou
Li toujou konsyan
Li vivan
Li debyen
Li toujou prezan
Powèt la wè
Powèt la sentil
Powèt la ap koute
Powèt prevwa
Tout sa ki komik
E tout bagay ki fou
Powèt la wè tout bagay
Powèt la santi tout bagay
Powèt la tande tout bagay
Powèt la ap eseye konprann
Tout sa ki fou e tout moun ki fou
Nòmal, dwoge, sansib e egzajere.
Copyright © Out 2018, Hébert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè koleksyon de powèm.