Se fèt Papa Desalin
Yon lidè ki pat nan rans
An nou pa fè vyolans
An nou fè kè Papa Desalin
Kontan e fyè kote liye a
An nou bale la ri, ramase fatra
Montre ke Ayisyen renmen Ayisyen
An nou pa aji: chyen manje chyen
An nou kolabore ak la Polis
An nou reklame ak tout fòs nou: JISTIS
Pou tout frè ak sè nou yo
An nou rele anmwey pou kòb
Petwokaribe a, e lot gwo lajan ke yo
Vòlè, an nou pa boule, pa fè dezòd
Pa batay, pa brize, rele anmwey, pa touye
Pèp Ayisyen, anpil moun kanpe avèk ou
Anpil moun pa pè kanpe ak ou
Pou nou reklame JISTIS san vyolans
Nou se yon pèp ki fatige, yon pèp ki pa nan rans
Nap fè yon sèl chèn pou elimine koripsyon
E tout vye vòrlòr nan bèlti nasyon
Sa ke zansèt nou yo te batay, te sakrifie tèt yo
Pou nou te ka viv la danli lib kom yon kretyen vivan
Diset Oktòb, se yon gwo dat ki fon nan nannan
Tout Ayisyen, nan almanak listwa Dayiti, Boyo
E Kiskeya. An nou selebre, an nou fete Papa nou
Jan Jak Desalin Le Gran: libète ou lanmò
Nou pap pèdi, nou prè pou nou lite, nou pa gen tò
Nou bezwen JISTIS pou pèp la, nou gen lanmou
Pou pèp kap lite, soufri e ki sakrifie tèt li chak jou
Ke Bondye mete. Pèp Ayisyen pa fout fou
Li konn gou dyòl li. Pèp la vle bon bagay pou peyi a
Pèp la ap rele anmwey: aba tout vòlè, aba tout fatra
Aba tout ypokrit, abat tout magouyè ki pran pòz dou
E dosil pou you ka toupizi pèp la pi rèd
Aba tout eskanmòtè, tout vye intèlektyelkò rèd
Pèp Ayisyen fatige, pèp vanyan an se moun tou
Pèp Ayisyen pap jwe, se yon pèp ki gen anpil lanmou
Pou peyi Dayiti, peyi de sakrifis, peyikote san koule
Pou lindepandans, respè, linyon, lanmou e la libète
Se fèt Papa Desalin, se pou nou revandike dwa nou
Nou pa fou, anmwey nou reklame la jistis, nou pa fou
Nou pa fout fou, nou bezwen la pè nan vant, la pè
Nan lesprie la pè nan tèt. Aprè Papa Bondyebèl bout tè
Sa se Desalin, Petyon e lot jean ki ba nou li. Papa Desalin vivan
Li pa mouri, san li ap kouri nan vèn nou.Papa Desalin Le Gran
Kontan kote li ye a. Viv Desalin! Viv Papa nou
Pèp la pa fout sou, pèp la pa fout fou. Pèp la se lanmou
Se fèt Papa Desalin
Yon brav ki pat nan rans
An nou pa fè vyolans
An nou selebre Papa Desalin.
Copyright © 16 Oktòb 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem