Se kom si se sèl nèg blan ki konn ekri
Yo pran tout bagay la pou yo
Yo intèlijan. Yo pran literati, yo pran peyi
Yo pran kilti tout moun yo
Anpil nèg nwa chita yap gade
Kwè yon zwazo ke yo dwoge
Kile tintin sila ap fini, di mwen non
Mwen fatige ak tèt cha sa ki nan pilon
Madan Inbesyl la. Se kom si nèg blan
Pa konn volè. Yo tout pa fran
Ak anpil nan nou. Leve dèye nou
Sou ti chèz la pou sounami pa anvayi nou
Pou Randleman de tè pa kokobe nou
Ouvè je nou pou nou ka li sakap pase
Ouvè sèvo pou nou ka konpran sakap pase
Yo panse ke nou tout se pitit Zebede
Bel jipon. Mezanmi, nèg blan pa pi intèlijan
Pase nou, mem si yo fort nan volè gwo lajan
Nèg nwa konn ekri tou, anpil nèg konpran.
Copyright © Novanm 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon powèt ki ekri nan plizyè lang.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem