Se Moun Nan Peyi-A Ki Pòv Poem by Hebert Logerie

Se Moun Nan Peyi-A Ki Pòv

Mezanmi se pa Ayiti ki pòv
Se moun nan peyi-a ki konsa
Ayiti se yon bon ti peyi, bon bagay
Se dirijan sòt yo ki gen dès panse pòv
Paske yo se volè, yo koronpi, yo saf
Yo vle tout pou kò yo, se konsa
Ke yo ye. Ti peyinou an pa pòv
Gen trop nèg sòt nan li, trop asasen
Top arogan, trop magouyè, trop voryen
Ki pa vle ti pèp ale an avan. Ayiti pa pòv
Nan la tè peyi Dayiti gen anpil richès
Yon gwo pwoblèm, yo kite peyi etranje
Finn volè, finn debaba e piye tout resous
Nou yo. Se sa fè yo te ba nouyon bann vye
Prezidan, díctatè pou yo te ka ba nou baboukèt
Gwo kout baton, gwo kalòt, gwo souflèt
Men yo blye ke lè yo fè sa, ke se Ayiti ke yap kraze
Se non peyi Dayiti ke yap pase anba pye yo
Chak fwa ke yo frape ou touye yon Ayisyen mal
Se Ayiti ki evantyelman peye pousa ke ti mal
Sa yo fè. Ayiti, Haiti, Kiskeya ou Boyo
Se yon bon peyi. Sispann bay Ayiti gwo kalòt
Sispan bay ti pèp la gwo koutt pye ak gwo kalòt
Trop nèg sòt sou pouvwa
Trop nèg sòt gen pouvwa.

Copyright © Jen 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Monday, June 4, 2018
Topic(s) of this poem: corruption,poverty,power
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success