Se Yon Kè Ki Briye E Souri Poem by Hebert Logerie

Se Yon Kè Ki Briye E Souri

Kè gen machwè
Kè wè lannwit e lejou
Devan lanmou
Devan tout joujou.
Se yon kè ki briye e souri
Epi ki chofe nanm
Lè yon moun damou.
Devan ou, o fanm
Mwen jennen, tranble e jemi
E mwen santim trè kontan.

Vwa ou se yon bagay ekstraòdinè
Se tankou yon diva kap fredone
Chante trè ba dè chanson òdinè.
Se dè bo ki fè klòch yo sonnen
Se kèm ki briye e souri.
Lè mwen renmen
Mwen santim trè, trè kontan
Mwen jennen, tranble e jemi.
Cherie, kèm gen machwè
Devan bizou dous ou yo.

Copyright © Avril 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Se Yon Kè Ki Briye E Souri
This is a translation of the poem It's The Heart That Sparkles And Smiles by Hebert Logerie
Monday, April 19, 2021
Topic(s) of this poem: love,amore,soul
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success