Sou Do Ayiti, Tout Nèg Bezwen Gwo Milyonè Poem by Hebert Logerie

Sou Do Ayiti, Tout Nèg Bezwen Gwo Milyonè

Sou do pèp la, tout prezidan pòv vinn milyonè
Sou do pèp la, tout senatè pòv vinn milyonè
Sou do pèp la, tout depite pòv vinn milyonè
Sou do Ayiti, tout nèg bezwen gwo milyonè
Ayiti vinn pi pòv, vinn gen plis soufrans, plis mizè
Sou do pèp la, tout visye ap danse nan lagon an kwè vè tè
Goud la pèdi valè chak segond, plis mizè, magouyè yo
Touche an dola ameriken, yo resevwa lajan pou frè
Yo jwenn lajan pou ti pwason, pèp la ap bwè move dlo
Pèp la ap benyen nan labou santi, yap naje nan mizè
Mouch ap fè lago sou viand poul ak kodend nan kwa bosal
Rat anvayi la ri lèswa yap fè seremoni pa yo sou do pèp la
Fòk sa chanje, pèp Ayisyen bouke viv nan lari ki two sal
Ak pousyè, fatra, dlo santi ak vye kaoutchou nan tout la ri a
Sou do pèp la, tout prezidan pòv vinn milyonè
Sou do pèp la, tout senatè pòv vinn milyonè
Sou do pèp la, tout depite pòv vinn milyonè
Sou do Ayiti, tout zanmi yo vinn gwo milyonè
Sou do Ayiti, fanmi yo bati gwo otel, gwo palè
Pandan ke Palè Nasyonal Dayiti kouche kwè yon pòv
Sou do li, lap sèmante, lap gade yon syèl ki mòv
Ak salte, ak pousyè. Koripsyon finn kraze moral pèp la
Pèp Aysyen ap tan mouche lanmò, yo trangle tout espwa
Pa gen avni pou Ayiti si sityasion an pa chanje pou de bon
Fòk nèg sa yo respekte pèp la ak Ayiti, pèp la pa cochon
Pèp la mande jistis, pèp la pa gen chwa, fòk li fè politik
Sinon pap gen peyi ankò, di la verite se yon bèl mizik
Nèg yo pè la verite ki yon gwo zam, pèp la bezwen viv
Ayiti bezwen yon ti chans, kite peyi a respire, kite Ayiti viv.


Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè anpil liv pwezi.

Monday, June 17, 2019
Topic(s) of this poem: corruption,greed,lies,truth
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
Viv Ayiti! Viv Pep La!
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success