Pou sezon Sen Valenten an
Voye yon kat byen ekri
A nenpòt ki moun ki jantiman saj
Se yon bon bagay. Sa pa mal.
Sepandan, voye flè ekskiz, bèl flè
Se yon fason ki meyè, ki pi klasic
Pou di: mwen renmen ou anpil fwa
Anpil, anpil fwa pou Sen Valenten.
Pa gen anyen ki natirèlman pi bèl
Pase yon boukè chaje ak flè kolore
Nan sezon jovial sila, moun ki damou vre
Voye bèl flè ak bèl powèm. Se sa nèt.
Moun ki damou anpil voye chokola, diven
Ak ti bo pou granmoun yo. Sa trè byen
Pou fèt jou Sen Valenten, tanpri voye bèl flè
Pou paran nou, timoun yo ak tout moun ki damou.
P.S. Tradiksyon De ‘ Sending Magnificent Flowers For Valentine's Day'
An Kreyol Par Hébert Logerie.
Copyright © Fevriye 2024, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.