Mwen te tou prè wout la
Avèk yon gwo valiz
Ak kèk chemiz
Epi ou akeyi mwen.
Mwen te malad anpil
Ou pranm nan bra ou
Ou bouyite pou mwen
Epi ou geri mwen.
Ou resevwamavèk jwa
Wi, cheri, ou geri kèm.
Bèl fanm, lanmou ou soude nan kèm
Ou se fanm ki pi bèl nan vil la
Yon jou, ou menm ak mwen pral viv sou yon zile
Kote ke map keyi chak jou flè ki pi bèlyo pou ou.
Bèlsouri ou banm fòs ak kè kontan
Yon jou, mwen pral mouri ak bèl souvni ou yo
Avèk ou, nan bra mwen. Daprè volonte Bondye
Ou menm ak mwen rete anpil bèljou ke nou pral jwi.
Wi, Cheri, ou geri kèm
Ou akeyimavèk anpil jwa.
Copyright © janvye 2009, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi