Yo vle dekourajem poum pa ekri an kreyòl
Yo di ke frèm ak sèm yo pa konn li. Se djòl
Ke yo genyen sèlman pou yo pale tenten
Yo prefere aji kwè yon bann sendenden
Ki pa kapab li bèl ti powèm, bèl ti pwezi
Bagay yo pa nan plas yo. Mwen pa sezi
Di tou pou tout bri sa yo kap kouri nan la ri a
Mwen pap dekouraje, menm si pa gen yon ta
De moun ki li mwen. Nan pwen pwoblèm
Mwen gen pasyans. Map toujou ekri bèl ti powèm
Nan lòt lang. Map toujou di la verite e ekspoze
Vagabon kap toupizi pèp nou an. Yo imilye
Nou twòp kòm pèp. Se pou nou fyè de tèt nou
Nou renmen tout lòt pèp, nou ap mete ajenou
Nan pye lòt nasyon. Fòk nou chanje. Fòk nou renmen
Tèt nou an premye lye. Ayisyen fèt pou damou Ayisyen
Fòk nou li e sipòte bann atis nou yo, powèt nou yo
Doktè nou, kontab nou yo, peyizan e tout lòt bon yo
Nap soufri, nap peri, nap mouri si nou pa kanpe ak lòt
Mwen pap dekouraje. Pòt la ouvè, mwen pa konn fèmin pòt.
Copyright © Novamb 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri anpil powèm.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem