Yon kantik se yon powèm
Ritme avek vi, nannan, e rim
Se ta pale mal sou Bondye sila
Sim pa ta di sa e eksplike sa.
Yon kantik se yon pwoz
Ke yon moun mete an poz
tanzantan
Avèk divès frap e tam tam.
Yon chanson fè moun danse
Yon powèm fè moun reve
E yon pwoz ede nou egzamine.
Yon powèm se yon pwoz klasik
Ak bel pawòl ki gin amoni ak sik
Ki byen-kalkile ak rim e vèsè
Yon powèm se reyèlman yon kout zèklè.
Yon kantik fè moun viv
Yon powèm fè moun reviv
E yon pwoz ede nou siviv.
Copyright © Desanm 2016 Logerie Hébert, Tout dwa (dwet) rezève
Hebert Logerie se yon otè Aysyen ki ekri plizyè liv ki gin bel powèm.