Gen yon tan pou chak roz
Yon tan pou tout flè kimoroz
Ak yon tan pou roz ki anbeli tèt yo
Soti nan maten rive nan aswè. Fèy lis yo
Tout kote, pasi e pala, sou boulva a
Nou wè yo nan mitan flè yo o aza
Li deja yon lòt lè, li deja yon lòt sezon
La nati kontan lap chante yon lòt chanson.
Bondye te kreye plizyè kategori de roz
Depi gen yon tan pou tout choz
Tout roz gen petal ki bèl e ki fèb
Ki ka anbome lakou a ak anba lakal
Pafen yo diferan nan bon jan de kalite
Nan viraj ak nan nivo de bote
Gen yon tan pou chak roz
Mwen dwe kontinye oswa pran yon poz?
Paske gen yon tan pou tout choz
Ak yon sezon pou tout bèl flè ak bèl roz.
Copyright © Desanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv de powèm