Adan E Èv Poem by Frantz Guerrier

Adan E Èv

Se nan reve w mwen jui lanmou
Lòlòj mwen neye nan rapadou
Chalè siwo w twouble bon sans
Nan eseye konprann esans
Pasyon karès Èv ak Adan
Daprè pawòl Labib lontan.

Sonje nan lakou Tomazo
Nou keyi flè, plante wozo.
Nan Lakayè nou fè womans
Jistan ou pati pou Lafrans.
Moman tristès fè nou kontre
Nou separe san m pa goute
Fa natirèl sou bouch woze
Pa janm kite moun abize w
Fè w prizonye, maltirize w
Pouki yon nonm vle abize w?

Bèl ti sousi w kou jaden koupye
Pou m sekle ak plante fuitye
Mwen pral lamès nan douvanjou w
Filalang boubou nuit kou jou.
Pyebwa beni m nan paradi w
Fè kokoye w bay dlo beni.
Menmjan pyano jwe melodi
Soupi w ak men w fè kò m toudi

Nou reveye sou yon bato
Nan mitan gwo tanpèt sou dlo
Fredi distans, presyon lavi
Kòz dlo nan je n neye anvi
Jouva jouvyen tan va vini
Pou n jui lanmou boudanini
Jan Bondye te prevwa lavi
Adan e Èv nan paradi.

Friday, October 25, 2019
Topic(s) of this poem: love and life
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
1 / 2
Frantz Guerrier

Frantz Guerrier

Port-au-Prince, Haiti
Close
Error Success