Kandida Tèt Anba Poem by Frantz Guerrier

Kandida Tèt Anba

Yèswa nan yon kochma
Mwen reve m kandida
Nan yon peyi fènwa
Ki plen fanm gwo dada
Kote pèp san zespwa
Nou pa bezwen deba
Nan yon nasyon sanba
Fè jouda, bay rara
Demagòg va tchatcha
Depi Fontamara
Rive Mache Anba
Kandida bay dola
Pou mas danse banda
Yo di n pa ka pa la
Yon repa pou pi ta
Gwòg nan boutèy twa ka
Ak te asosi nwa
Lidè mache opa
Pwomèt sosyetededwa
Konsa yo kandida
Bèl fanm dola bouda
Se sèl pwojè viktwa
Pou yo kolekte vòt
Rele bawon nan gwòt
Ak manche zam fannfwa
Pou yo ka bay fènwa
Vòlè resous leta
San chanje yon toya
Legba mande pouvwa
Pèp kondane tout chwa
Sa k fè gen koudeta
Pa gen dèyè chita
Aba tout kandida
Yon pakèt tèt anba
Ki pran danse banda
Pou jwenn ja ak pouvwa
Onon bay pèp lespwa.

Friday, October 25, 2019
Topic(s) of this poem: political humor
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Frantz Guerrier

Frantz Guerrier

Port-au-Prince, Haiti
Close
Error Success