Se Kriz Sou Kriz Poem by Hebert Logerie

Se Kriz Sou Kriz

Se kriz sou kriz
Manman pitit ap pran kriz
Se kriz sou kriz
Se mizè sou mizè
Mezanmi nou pa gen la pè
Se nou tout ki nan soufrans
Gen tròp, tròp rans ki rans
Se soufrans sou soufrans
Nan peyi a, gen tròp krim
Tout powèt, ekriven, atis ak jounalis pran plim
Pran penso, kreyon ak mikro nou. Sa pa yon fim
Sa se yon bagay serye kote lakay
Se tout moun ki pou pran yon bagay
Pou defan lakay
Pou defan peyi a
Pou proteje tè a
Pou proteje pèp la
Se kriz sou kriz
Peyi a pa yon showbiz
Fòk nou respekte frè nou
Ak sè nou ki finn fou grangou
Nan yon peyi kote se rat kay
Kap van kay. Sa se yon move bagay
Zantray nou yo pa kontan kote yo
Kouche a. Yo pa mouri, men zo yo
Tande nou. E sa fè yo mal anpil
Pèp la fatige gen tròp kalil kap bay bil
Nan lari a. Se nou tout ki fout fatige
Ak ‘kidnapping' ak vye insekirite
Ki simaye kòl nan peyi a. Nou fatige
Ak la mizè, koripsyon ak vòlè politisyen
Ak tout polisye kriminèl, move sitwayen ak asasen
Ak tout ipokrit ak tout vye peyi vwazen
Nou fatige at tout vye majisyen
Kap pase nou tout nan tenten
Tròp kidnapè, tròp krim ak vye kreten
Kap simen lanmò, la tèrè lakay nou
Nou fout fatige ak la mizè, grangou
Prostitisyon, movèz vi. Pa gen espwa
Mezanmi, se nou tout ki kloue sou la kwa
Sila, se nou tout ki nan la pè e kap plenyen
Nou fatige kote se sanginè ki pa gen anyen
Bon nan tèt yo ki ap gouvène, ki sou pouvwa
Nou fatige se nou tout ki pou leve la vwa
Kont tout kriminèl. Nou pa gen chwa, oken chwa
Fòk nou leve kanpe, fòk nou elimine tout vye lwa
Fòk nou fout batay, fòk nou lite, fòk nou fout vote
Pou moun ki renmen pèp nou an ak peyi nou. Anmwey
Anmwey. Se nou tout ki pou fout rele Anmwey
Anmwey, anmwey, anmwey, anmweyyyyyyyyy.

Copyright © mas 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm

This is a translation of the poem Crises Upon Crises by Hebert Logerie
Thursday, March 18, 2021
Topic(s) of this poem: violence,hate,misery
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success