Tout sa ou di
Ase pou mwen
Tout sa ou fè
Plè mwen
Kote ou fanm kem renmen an?
Chouchou, menm van simen
Pou ou chak minit nan jounen an
Ak flè yo souri pou chame ou.
Tout sa ou fè
Plè mwen
Tout sa ou di
Ase pou mwen
Map tann ou avèk anpil pasyans
Pi ta, aprè midi atou pre letan an
Pou yon bèl ti mache romantik
Nou pral wè tou vwalye yo kap kite ouaf la.
Copyright © Avril 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.