Se Yo Tout Ki Vle Chita Sou Chez Dous La Poem by Hebert Logerie

Se Yo Tout Ki Vle Chita Sou Chez Dous La

Yo pa gen konpetans
Yo pa vle bay Ayiti yon ti chans
Ni yo pa konn ki sa pou yo fè
Pou dirije yon peyi
Ke yo pa renmen, ke yo rayi
Ke yo paka bay la pè
Sekirite, manje ak yon pi bon avni
Nèg sa yo ap defann pòch yo, pa Ayiti
Nèg sa yo ap plen pòch fanmi yo, pa Ayiti
Pa pòch pèp la, pa valiz pèp Ayisyen
Ke yo pa vrèmen renmen
Yo trete pèp la pi mal pase chyen
Yo pa renmen vrèman peyi Dayiti
Yo pa vrèman renmen notre cher pays
Se chez dous la ke yo vle sèlman, pouvwa a dous
Pouvwa a dous pase siro myèl pou yo, chez la dous
Menm lè ke yo gen konpetans
Yo pa vle bay peyi nou an yon ti chans
Yo pa vle bay peyi a ak pèp la
Yon ti chans. Chèz la trò dous
Anba deye vye politisyen malfra
Koronpi, magouyè ki anpeche Ayisien
Tout kote viv kom des humains
Gade fatra nan yon peyi
Gade la povrete an Ayiti
Gade eta Kwa Bosal, Mache Salomon
Gade eta Mache Anba, gade eta Anba Pon
Gate eta Pòtoprins e katye popilè yo
Pèp la pa sòt, pèp la pa idyo
Gade eta peyi Dayiti
Pèp la ap soufri
Nou fatigue ak vye gouvenman sa yo
Nou fout fatigue ak san manman sa yo
Nou fatigue ak kidnaping, ak yon bann vye krim
Ayisyen rele anmwey, pran plim
Ak kreyon pou nou ka ekri, pou nou ka rele
Mezanmi, fòk nou pa pè pale
Fòk nou pa pè di la verite
Fòk gen yon gran chanjman an Ayiti
Fòk bagay yo vinn pi bon an Ayiti
Aba enkonpetans
Aba vyolans
Chak senk an
Nou fèt pou gen yon nouvo prezidan
Fèk gen yon nouvo manda
Daprè Manman Lwa peyi a
Ki se Konstitisyon an. Aba, aba
Aba, aba tout enkonpetan
Ki ta vle pase Konstitisyon an anba soulye yo
Ayiti se pou tout Ayisyen. Ayiti se pou tout frè nou yo
Nou renmen Ayiti, Viv Ayiti, Viv Ayiti
Notre pays chéri, notre Ayiti
Notre chère Patrie.

Copyright © 4 Fevrye 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv pwezi.

COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success