Ann Kase Tout Chenn Yo Poem by Hebert Logerie

Ann Kase Tout Chenn Yo

Ann koupe tout chenn yo
Poun ka rive laba a
Ann pran tren yo
Poun ka rive laba a
Nou dwe goumen pou dwa nou
Nou ap fè jou
Tounen dè nwit ki gen bèl syèl ak etwal
Pou nou ka genyen dè bèl jounen.

Ann kraze tout chenn yo
Ansanm
Ann pran tren yo
Ansanm
Poun ka rive sou tèt mòn lan
Mesye e madam, sa a se pa yon ti pèlen
Nou detèmine pou nou rive laba a
Se dwa nou sou la tè sila.

Ann kraze tout vye chenn yo
Avèk tout fòs nou
Ann pran tren ki rapid yo
Nan mitan batay la
Nou pral fè nwit tounen jou
Pou nou ka genyen pi bèl jounen
Lit la long, plin ròch, pikan ak fatra sou rout la
Sa a se yon batay ke nou pral genyen.

P.S. Tradiksyon de 'Let's Break The Chains'
Ke Hébert Logerie ekri.

Copyright © Me 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Ann Kase Tout Chenn Yo
This is a translation of the poem Let's Break All The Chains by Hebert Logerie
Sunday, May 16, 2021
Topic(s) of this poem: racism,revolution,struggle,battle,victory,fight,liberty,rights,civil rights
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success