Jamèdodo Poem by Frantz Guerrier

Jamèdodo

Anba lavil, nan tout ti vil
Nan tout lari, yo ap souri
Jamèdodo toujou sou do
Ak talon wo kou moun anwo
Labrindiswa y abiye swa
Klere kou jou nan douvan jou
Se bèl solèy nan bay akèy
Yo toujou fre vizaj klere
Byen makiye ak bèl kolye
Bouch yo woze, byen won kou ze
Sousi lonje pou jwenn manje
Bèl anpenpan tankou se pan
Y ap sikile, nèg depale
Y ap layite tout bèl kote
Chache afè chanje lanfè
Kwen san limyè tounen chomyè
Jamèdodo kouche sou do
Pou bay plezi, bonbon zizi
Fè yon tchotcho pou manje cho
Tout bon flannè ka jwenn rabè
Pase yon tan, bay ti lajan
Moman ki di pa gen kredi
Dòmi pi chè pou raketè
Ak eksplwatè, yo san respè
Yo bay lavi, plezi anvi
Pou tout kolo dodo lolo
Ak bon zanmi kreye fanmi
Malgre koutba yo desann ba
Pran tout afwon san diskisyon
Pou fè lajan de tan twa mouvman
Se yon ti biznispou achte epis
Bay ti lamanjay nan anpil vye kay
Pou ti malerèz k ap siviv alèz

Friday, November 1, 2019
Topic(s) of this poem: love and life
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Frantz Guerrier

Frantz Guerrier

Port-au-Prince, Haiti
Close
Error Success