O.N.G. Poem by Frantz Guerrier

O.N.G.

Yo di y ap travay pou lavi
Yo pote lespwa pou Ayiti
Poutan yo pete sous rayi
Nan divize frè menm peyi.


Yo di yo vini pou konstui
Pèp wè se detui y ap detui
Nan ramase richès lakay
Ak chèche mwayen fè koutay.


Yo sèvi ak mo koripsyon
Pou yo ka bloke tout aksyon
Kanpe travay rekonstriksyon
Detay pou piye fon nasyon n.


O.N.G. se vye manje ranje
Kote y antre yo deranje
Se yon pil rat mode soufle
Rasis, ipokrit ki gonfle
Toupatou nan volè lajan
Nan bon jan kou nan move jan.


Prezidan kou reprezantan
Anbasad, sansi, chalatan
Tout fè pwojè pou ti peyi
Sa k fè tounen yon trajedi.


Kont zanmi trèt fok nou ini
Etazini, Nasyonzini
Yo fè konplo pou deranje n
Nou dwe lite pou nou vanje n
Tankou bon pitit Desalin
Ki pa janm pran blan pou lalin.

Wednesday, October 30, 2019
Topic(s) of this poem: exploitation
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Frantz Guerrier

Frantz Guerrier

Port-au-Prince, Haiti
Close
Error Success