Tikrik Tikrak Poem by Frantz Guerrier

Tikrik Tikrak

Tikrik tikrak deblozay
Tikrik tikrak dechoukay
Tikrik tikrak vòlè leta
Tikrik tikrak fè koudeta
Tikrik tikrak lame kraze
Tikrik tikrak bale wouze
Tikrik tikrak peyi bloke
Tikrik tikrak se dechouke
Tikrik tikrak rele aba
Tikrik tikrak pouvwa kaba.

Aysyen tounen komedyen
Se awousa ki politisyen n
Nou ajenou bò gran chemen
Ranpe pou blan lonje n lamen
Nèg lespri dwe mennen pouvwa
Pou pwogrè kapab jwenn lavwa
Tikrik tikrak deblozay
Tikrik tikrak dechoukay
Timtim bwasèch la dwe kaba
Pou vòlè sispann debaba n! ! !

Tuesday, December 10, 2019
Topic(s) of this poem: political utopia
COMMENTS OF THE POEM
Hebert Logerie Sr. 10 December 2019

Frantz, Mwen renmen powem sila. Bongay. Fok nou di bagay yo jan yo ye a. Frantz, This is a great poem detailing the current chaotic and abysmal events in Haiti. Se " pou vole sispann debaba" .

0 0 Reply
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Frantz Guerrier

Frantz Guerrier

Port-au-Prince, Haiti
Close
Error Success