Lavi Imigran Poem by Frantz Guerrier

Lavi Imigran

Nou se imigran pòv
k ap chèche fè senkòb
Nou kwè nan fè jèfò
Nou kapab twouve lò

Nan tan fredi livè
Nou pran trase vèvè
Tankou nèg k ap bat fè
Nou swe nan tan chalè
Nou fleri tout sezon
Pou nou ka gen rezon.

Nou bwè te lapasyans
Pou nou kalme soufrans
Malgre diven lespwa
Lavni toujou fènwa
Jistan vyeyès rive
Nou toujou ap reve.

Tankou yon bèl machin
Yo mete n nan vitrin
Touche ti chèk sosyal
Chita pou tann lanmò
Konjige vèb remò,
Orevwa kanaval
Chaloska, lamayòt
Babay, gagòt radòt!

Betize, eksplwate
Imilye, Maltrete
Nou travay pou anyen
Rèv pase nan tenten
Men lavi imigran
Blan pran n pou je drandran.

Wednesday, October 23, 2019
Topic(s) of this poem: immigration
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
My mother's life in the United States. She worked hard until she became old and society put her aside. It is the life of all immigrants that I observed in western societies.
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Frantz Guerrier

Frantz Guerrier

Port-au-Prince, Haiti
Close
Error Success