Lè Nou Di Orevwa Poem by Hebert Logerie

Lè Nou Di Orevwa

Nou pa konnen
Lè nou di orevwa
Paske demen
Se pou sèlman Bondye nan syèl la
Nou pa konnen
Si se pa yon dènye vizyon
Si se pa yon dènye chanson
Menmsi nou jèn e fò
Si se pa yon dènye dans, yon denye efò
Ki kote flèch fatal la sible
Ki kote ke li pwente
Nou tou senpleman pa konnen
Menmsi ke nou beni e ke yo renmenn
Dènye jou an ap vini tankou yon zeklè
Dènye souf la ap fini tankou yon lè
Ki disparèt kwè yon move richès
Pou pote doulè ak tristès
Lavi se yon fenomenn ranpli ak malè
Bondye ap tande rèl nou
Rèl, sanglo, anmwey frè ak sè nou
Bondye tande tout priyè nou
Bondye wè dlo nan je nou
Bondye wè ki jan nou mouye e tranpe tout ban yo
Lè nou ap mache, deplase
Nou pa konnen
Ki lè ke nou pral trepase
Nou pa konnen
Anyen de demen
Nou pa konnen
Anyen de dènye jou nou anba syèl la
Nou pa konnen
Lè nou di orevwa
Lè nou di adye
Se sèl Bondye, se sèl Bondye
Gran Mèt la ki konnen
Si nap ka di yon lòt bonjou
Sou la tè, anba syèl sila
Si nou pral wè yon lòt jou
Nou senpleman pa konnen
Anyen, anyen de demen.

P.S. Powèm sa a dedye a nou tout.
Nou déjà manke sè ke nou renmen anpil Tania Marissa Joseph Maranhão
Powèm sila se yon tradiksyon de ‘ When We Say Goodbye' de Hebert Logerie.

Copyright © 27 avril 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Lè Nou Di Orevwa
This is a translation of the poem When We Say Goodbye by Hebert Logerie
Thursday, May 5, 2022
Topic(s) of this poem: goodbye,farewell,adieu,tribute,homage,inspiration,love
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success